Sunday, March 31, 2019

Maladi fanm ak gason ka pran nn fè bagay

------------------------------------> Maladi moun trape nan fè bagay <---------------------------------------

Jodiya nou pral pale de "Donovanoz" osnon  "Granulome Venerien" nan lang franse.
Kisa ki donovanoz la? kisa ki bay li? koman li manifeste? koman moun trape li ak kijan yo ka evite enfeksyon sa?

Donovanoz se yon enfeksyon moun trape nan fè bagay, se yon bakteri ki rele "Klebsiella Granulomatis", enfeksyon sa prezante kay ni gason ni fi, men gason yo plis trape li, yo souvan konfonn li ak sifilis lakoz sentòm li yo ki sanble, li pran 40 jou maksimòm pou li parèt apre yon moun fin enfekte.

Kijan donovaniz la manifeste?
- Yon ti boul osinon yon bann ti boul ki konn parèt bò lèn moun ki enfekte a ak sou lòt pati jenital li.
- Li pa bay doulè
- Li konn parèt tou nan rejyon kote moun nan fè bagay yo, tankou bouch (moun kap fè tibèf)deyò bouboun, koulout ak twou dèyè (moun kap fè bagay nan dèyè)
- boul sa yo konn pete epi li komanse elaji pou fè maleng, kote maleng sa konn parèt san kwout.
- li bay pij ak san.
- si enfeksyon dire moun lan pa janm al lopital li ka moute andedan bouboune fi an jiska kòl matris li.
- li ka konplike bay emoraji.
- Yo konn tou retire koulout gason osnon bouboun fi a nan ka konplike.

Kijan ou trape li?
Moun kap fè bagay san kapòt, moun kap fè bagay nan dèyè epi youn nan yo te genyen li, moun kap fè tibèf pou yon moun ki trape epi sentòm yo potko manifeste, moun ki te touche yon pati ki enfekte epi li vin mete li sou pati jenital moun ki pa enfekte a (yon moun ki te bay yon moun ki genyen li dwèt epi li vin mete dwét li nan pati pa yon lòt ki pa ko trape li), moun kap mete menm sou vètman ak moun ki genyen li.
Moun ki gen enfeksyon sa a, akoz maleng li kite nan pati jenital ou a, li bay yon twou vid pou tout lòt kalte enfeksyon antre tankou sida, sifilis, chodpis ak lòt.

Gwo konplikasyon:
Yo ka koupe pati jenital moun ki enfekte a.
Li ka pase nan san ou epil enfekte ògan ou yo tankou zo, fwa, pomon. Moun yo opere ki genyenl yo bakteri a ka pase nan san yo poul al enfekste lòt pati.
Manman ki genyen li pa dwe fè kouch nòmal, li pi rekòmande pou fè sezaryèn paskew ap bay timoun nan li, siw genyen li wap bay tete fòk ou al lopital byen vit.

Prekosyon pou pa trape li:
Pwoteje tèt ou, toujou mete kapòt lè ou ap fè bagay, siw prezante sentòm yo al kay doktè rapid, siw deja genyen li epi ou sou tretman, pa bliye byen lave lenj ou yo epi bouyi yo, mete yo seche nan gwo solèy.
<<la sante pa gen pri pran swen sante nou>>